Festi Pwason Boucan Lotore 21 Dawout 2026: Yon gwo randevou pou dekouvri Fas kache ak richès Lagonav

 Boucan Lotore, se yon lokalite ki anviwon 3 km ak sant vil pwentarakèt ,zòn pran nesans ak de sitwayen ki te soti nan mòn vinn tire bèt e yo pral teri bò lanmè a e se la yo pral jwenn yon gwoup ki te gen ti kay yo e toujou ale peche pwason, tanzantan yon ti gwoup ap ogmante e moun ki sot itou chouchou e mòn lotore kontinye desann e la kòm se neg ki te konn al tire bèt e fe gwo boukan e yo pral rele zòn nan :

Boucan Lorote ki jodi a gen 57 kay ki te konstui avek food for the poor ak kemonte youn nan pi gwo asosyasyon pechè sou zile a .  

Jou 21 dawout 2026, kominote Boucan Lotore pral akeyi 8yèm edisyon Festi Pwason, yon evènman ki depase yon senp festival. Li se yon selebrasyon kilti, touris, solidarite ak devlopman lokal ki mete youn nan pi bèl kwen Lagonav anba gwo pwojektè lokal kou nasyonal  ak kèk lòt ankò ki bay anviwon yon 75 kay nan lokalite sa pou yon popilasyon anviwon 320.pa gen lekòl ,  gen legliz (Alleghini ak Agneau de Dieu)  , ni yon biwo leta nan zòn sa . tout say o bezwen depann de sant vil pwentarakèt ou gran tè a.

Dèyè rèv sa a gen Etienne Ilme, yon jèn Gonavyen ki deside mete enèji li nan sèvis kominote li. Depi plizyè ane, li angaje l pou fè tout moun  dekouvri yon lòt figi Boucan Lotore, yon espas natirèl ki chita sou kòt  Sid zile a , kote lanmè, lapèch ak lavi kominotè melanje pou kreye yon eksperyans inik.

Pandan lontan, Boucan Lotore te rete yon kote anpil moun te konnen sèlman pa non, yon senp ti zòn  Pou rive la, se te  pase pa lanmè ki te pi fasil .tout timoun ki vle ale lekòl nan sant vil Pwntarakèt dwe pran yon ti bwawon pou rive ou pase anba tout raje e mache plis pase 1h tan,tout aktivite yon moun vle al regle  si se ijan oblije pran lanmè a ka pase nan ti wout a pye yo difisil aksè, depi ane lane 2022 te gen anpil jefò pou pèse wout la kontoune ti kòt fè pou wè komanse aksè a te kapab pi fasil men mank mwayen fe pwojè sa te kanpe , se pral 2025, gras ak efò kominote a ak sipò kèk patnè, aksè sou motosiklèt vin posib e 7e edisyon Festi Pwason an moun te kapab swa pran lanmè ou pran moto w pou ale nan festi a . Chanjman sa a make yon etap enpòtan pou devlopman sosyal ,edikatif, ekonomik ak touris nan zòn nan.

Pou Etienne Ilme, devlopman pa fèt ak diskou sèlman. Li kwè nan fòs konbit, nan tèt ansanm ak patisipasyon chak sitwayen pou transfòme kominote yo. Se filozofi sa a ki pèmèt Festi Pwason grandi chak ane e vini denye tan sa yo referans pami tout aktivite kiltirèl ki fèt sou zile a .

Malgre festival la te kòmanse plizyè ane anvan, se depi 2022 li pran yon lòt dimansyon. Gras ak angajman medya lokal yo, sitou La Nouvelle, ki te chwazi bay evènman an gwo vizibilite, Boucan Lotore rive fè anpil moun dekouvri potansyèl li. Depi lè sa a, festival la kontinye atire plis vizitè ak plis enterè chak ane.

Jodi a, Festi Pwason Boucan Lotore konsidere kòm youn nan pi gwo evènman kiltirèl sou zile Lagonav.

Apre Festi Gonav,  se youn nan aktivite ki rasanble plis moun epi ki bay plis vizibilite pou kilti touris ,ak ekonomi lokal la sitou espas maritim nan kote moun vinn manje pwason de kalite ak kantite.

Edisyon 2026 la pral ofri yon seri aktivite ki mete an valè lavi kominote a: degistasyon manje ki fèt ak pwason , lòt pwodwi lanmè, ekspozisyon atizanal,aktivite espòetif, animasyon kiltirèl, mizik, dans tradisyonèl, ansanm ak espas pou dekouvri bote natirèl Boucan Lotore.

Festival la se tou yon opòtinite pou sipòte pechè yo, fanm machann yo, atizan yo ak tout lòt moun ki travay chak jou pou fè ekonomi lokal la vanse. Chak vizitè ki patisipe kontribye dirèkteman nan devlopman kominote a.

N’ap  envite tout Gonavyen, tout Ayisyen ak zanmi Lagonav pou make dat 21 dawout 2026 nan kalandriye yo. Vin fè yon eksperyans kote kilti, lanmè, gastronomi ak ospitalite ,touris lokal nan youn nan pi bèl espas natirèl zile a.

Festi Pwason Boucan Lotore 2026 se plis pase yon festival. Se yon envitasyon pou dekouvri yon kominote ki kwè nan tèt ansanm, ki fyè de idantite yo , epi ki kontinye bati avni li ak kouraj ak espwa pou yon lòt jenerasyon .

Randevou 21 dawout 2026 nan Boucan Lotore, Lagonav  oganizatè yo ap tann nou tout .

Vinn manje pwason de kalite ak kantite .

Athou