Konferans pou Laprès pou raple otorite yo 12º anivèsè adopsyon Lwa 30 avril la ki se Iwa kont Latrèt moun.
Rezo sivivan Pratik restavèk Vil Ansagalè a Ki regwoupe Kat Branch (Magazen, Bwa Kredi, Bètòti ak Mòn Alo) salye Laprès pale, ekri, televize ak an liy yo ki erije tèt yo kòm avangadis sosyete a nan difize ak pote nan zòrèy otorite yo tout sa ki ap mache epi sa ki pap mache nan sosyete a.
RESAN Ki se Rezo Sivivan Ansagalè yo pran plèzi pou voye mesaj sa bay tout otorite ki sou Zile Lagonav yo, nan okazyon 12º Anivèsè Lwa sou Latrèt la kote nou konstate nan tou de komin ki nan Awondisman Lagonav la, nan sa ki gen pou wè ak pwomosyon Lwa sa a se Zewo bare.
1- Konsta sitiyasyon an
Lajistis leve yon nasyon se yon pawol anpil moun repete chak jou, nou konnen nan peyi nou depi 1987 aprè peyi a fin akzepte konstitisyon an ki se manman Lwa peyi a ki bay yon ansanm prewogativ ak tout sitwayen tankou atik 52 nan konstitisyon an ki bay devwa ak obligasyon tout sitwayen. Toutfwa nap raple pou otorite yo peyi a chita sou Twa pouvwa ki se pouvwa lejislatif ki la pou fè Iwa yo pouvwa ekzekitif ki la pou fè ekzekite Iwa yo epi pouvwa jidisyè a ki la pou fè aplikasyon Iwa yo. Sepandan twa pouvwa sa yo dwe aji nan yon sans de konplemantarite suivan modèl demokrasi nou an ki se yon demokrasi reprezantativ ak patisipativ. Pouvwa Jidisyè a nan peyi dayiti ki se yon pouvwa ki ekzèsè atravè 18 jiridiksyon byen ke gen 5 lòt Leta te pran desizyon pou ajoute sou 18 ki te la yo. Nou ap raple pou otorite yo nou menm sou Zile Lagonav ki trete an paran Pòv paske nou gen 2 Tribinal Depè ki pa menm byen trete nan pouvwa Jidisyè otorite sou Zile yo majistra Vis Delege fèmen je yo, sanble yo pap viv menm kote ak nou.
Nap raple otorite nou yo Majistra kominal nou yo, Vis delege Awondisman Lagonav la Tribinal Ansagalè a gen yon grenn jij depi plis pase 4 lane. Pa twò lontan de sa Tribinal Ansagalè a te konn gen twa Jij epi li te fonksyone chak jou nan semèn nan, pou kounye a se yon grenn Jij ki la sa koz pòt tribinal la fèmen nan jou jedi yo sa se ka pou Ansagalè. Se menm kad figi a pou Pwentarakèt se yon grenn Jij ki nan Tribinal la si Ansagalè Tribinal la pa fonksyone nan jou jedi yo; pou Pwentarakèt sakonn rive de twa mwa Jij la pa sal Pye li nan Tribinal la. Malgre tout sa yo se kõm si tout sa ki gen pou wè ak Lajistis ap mache sou Zile pou otorite nou genyen yo ki sanble soufri de yon vye patoloji, ki se eskizofreni sa vle di kip a nan menm reyalite avèk nou de pye yo sanble pa sou tè.
II- Revandikasyon
Nou jounen 30 avril sa ki raple nou 12º anivèsè Lwa sou latrèt la ki te adopte nan palman ayisyen an suivan tout pwosedi yo ki se vote de manyè separe nan de chanm nou yo ki se Chanm anba ki se chanm depite yo ak Chanm anwo a ki se chanm senatè yo. Nan moman sa nap raple pou otorite nou yo malgré nou konstate de pye yo pa soutè a yo pa wè sa nou wè yo rezon sa fè nap itilize zam sa nou genyen an ki se pale nan laprès pou yo tande revandikasyon nou yo petèt yap pran konsyans de sitiyasyon nou, pou sa nou mande yo:
Aprè 12 zan nou konstate lwa sou lit kont latrèt la pa fè wout li jan sa ta dwe fèt, akoz tribinal nou gen sou zile yo se Tribinal senp polis.
Nap mande otorite nou yo eske yo pa konprann enpòtans yon Tribinal Premye Enstans ap genyen sou Zile a?
Nou swete anvan dat 2 jen, ki se dat piblikasyon Lwa sou Latrèt la nan jounal ofisyèl peyi a rive se bravo pou nap bat paske Tribinal depè yo ap rive gen plizyè Jij Depè jan sa te ye Ansagalè ak Pwentarakèt la.
Nap raple otorite nou yo atik 174 ak 175 nan konstitisyon 1987 la, trase wout kòman yo kapab rive nonmen Jij yo, kit se nan pi gwo tribunal peyi a ki se Kou kasasyon, kou dapèl yo, Tribinal Premyè enstans yo epi Tribinal Depè yo.
Nap mande Majistra yo, Vis Delege awondisman Lagonav la, tout otorite ki konsène mande CSPJ ki se konsèy siperyè pouvwa Jidisyè a ki la kap siveye travay Jij yo epi administre pouvwa jidisyè a pou asire travay pa li a nan chèn penal la.
Nap mande Majistra yo, vis Delege awondisman an, tout otorite ki konsène yo, mande Ministė lajistis ki asire sekirite piblik tou se enstans ki la pou sèvi garan Iwa yo asime responsablite li.
Nap mande otorite nou yo mete lòd nan tout moun ki nan chèn pou fè dwa moun respekte sou Zile a (polis minisipal, Polis nasyonal yo Udmo ki toujou ak toufounen moun sou zile san rezon sou sèl pretèks yo gen gwo zam nan men yo.Konklizyon
Pou nou fini konferans jodi a, nap mande Laprès ki la a lanse li tout bon nan batay sa pou fòse otorite yo pi byen konprann tach yo sa lalwa ba yo pou fè. Paske pou gwosè popilasyon sa Lagonav viv ye kounye a nou pa nan ane nou pa nan 19º syék la ankò, noua p raple otorite nou yo se nan 21 syèk nou ye kounye a se nan lè teknoloji nou ye. Kidonk fök Iwa yo aplike, epi mete kondisyon pou yo aplike tankou mete Tribinal premye Enstans la prese, prese rann tribunal Depè yo fonksyonèl ak plizyè jij epi Kreye lòt tribinal Depè paske jodi a popilasyon Lagonav la gen plis pase 150,000 moun san senkant mil moun. Nou swete otorite ki konsène yo, aji vit epi byen pou fè popilasyon an konnen Iwa sou lit kont latrèt la ki se yon Lwa ki la ki pou pwoteje timoun anpeche yo viktim, paske yo ekspoze ak krim Latrèt jan peyi a sou anpriz gang nan anpil zòn nan peyi otorite pa gen kontwòl yo.
Kidonk nou di non fanm ak tifi pa dwe viktim latrèt ankò nan peyi sa menm lè nou konnen gen tigason yo ki ekspoze tou men fanm ak tifi yo plis vilnerab.
Nou mande sou baz Lwa 30 avril 2014 la fanm ak tifi pa dwe viktim Latrèt ankò.
Marie Cassandra Jean Baptiste
Kodontris RESAN
